Nouvèl Tobout

PTS Sid anonse gen pasyan Lopital jeneral Okay ki riske pèdi lavi yo.

Youn nan responsab Pòs Transfizyon Sangin (PTS) Joseph Jules Moïse anonse Vandredi 19 Jiyè 2024 la, gen pasyan ki riske mouri nan Lopital jeneral Okay la.

Youn nan Pasyan ki riske mouri a, si pa pran san nan lè sa yo la, se Gilbert Silaire ki gen anviwon 3 gram san nan kò li.

PTS, gen anviwon 3 jou depi li mete san disponib pou pasyan sa kapab pran pou konplete kantite san, kò a ap gen bezwen pou sove lavi li, sa pa kapab fèt, malgre gen doktè ki disponib pou fè sa.

Joseph Jules Moïse di: se koz ti pèsonèl Lopital la ki angrèv depi Lendi vin Vandredi 19 Jiyè a la. Kote, tout sèvis yo paralize nan moman sa.

Responsab la, swete MSPP fè dilijans rapid opreste pou jwenn yon solisyon nan kriz lopital la ye la, pou gade Kouman Lopital la kapab refonksyone pou pasyan yo kapab jwenn swen nesesè sitou, sila pou moman sa yo ki andanje pou mouri.

Nan sitiyasyon sa, ki entèvansyon serye dirijan yo ta dwe fè, kapab fè pou debloke tout bon vre lopital jeneral Okay ?

là-dedans.