Nouvèl Tobout

Lajistis Okay tande kèk chèf/sivil sou dosye Tesse Gary Mèkredi a la.

Me Ronald Richemond, direktè Polis Nasyonal Sid (PNH) la, Direktè/jounalis radyo Lebon Fm se kèk pami moun Jij destriksyon Jean Michelet Seide tande sou asasinay animatè patannte emisyon Granlakou sou radyo Lebon Fm Mèkredi 17 Jiyè 2024 la depi bò11 zè nan maten rive bò 2 zè nan aprèmidi.

Se direktè Lebon Fm ki te deside san fè tèt rèd reponn kesyon jounalis yo nan kad evenman sa.

Answit, genyen Me Ludeger Paul ki te toujou kritik parapò ak travay ansyen komisè gouvènman Richemond an, ki bay pozisyon li sou fason kabinè denstriksyon Jean Michelet Séide deside tande Richemond nan moman sa.

Rès popilasyon an ki te nan awonyay tribinal sivil la, fann pak anpak. Yon pòsyon ap aplodi Richemond, lòt ap mande pou voye li nan prizon, ak, yon seri lòt ki panse se soupoudray osinon fim k ap monte, pa gen anyen seye k ap regle se jis pou lave Richemond nan dosye a.