Nouvèl Tobout

OLAGK, KPAS,O P E egzije Arestasyon ansyen CG. Richemond.

Ansanm òganizasyon sa yo la: OLAGK yon òganizasyon peyizan 8 tyèm seksyon koray Anri, St Lwi nan Sid, Komite Aksyon Popilè Sid ( KPAS ) ak Obsèvatwa Pou Egalite ( O P E) yon òganizasyon dwa moun nan Sid egzije san pèdi tan arestasyon ansyen komisè gouvènman Okay la Me Ronald Richemond nan yon konferans yo bay Madi 9 Jiyè 2024 la.

Demach yo an, se pou anpeche yon beny san nan depatman Sid la pi presizeman nan Okay ki fè yo mande sa. Paske, yo remake li posib pou genyen afwotman ant popilasyon Sid la ak Me Ronald Richemond plis milis li yo.

Yo wè Tansyon popilasyon an se monte l ap monte chak jou pi plis pou fouke Richemond ak milis li yo depi lè minis jistis la, Carlos Hercule mete andisponibilte ansyen komisè a depi plis pase 3 semenn sa genyen.

Konsa, yo di, yo konnen: Me Richemond ansanm ak milis li yo, toujou gen nan men yo gwo zam fann fwa yo abitye itilize pou asasinen moun yo. Sisa ta rive kote, popilasyon an, sa fè kèk tan, ki fou ap chache jistis yo pako ka jwenn kont abi ak enjistis yo viktim ta al anvayi mesye sa yo, se anpil san k ap koule.

Nan sans sa yo mande:

  • Pou minis jistis la ansanm ak nouvo komisè gouvènman Okay la James Jean-Louis mete aksyon piblik ann mouvman kont Me Richemond ak tout milis li yo, pou akizasyon zak kriminèl, vòl ki tonbe sou do yo.
  • Pou jij Jean Michelet Séide tande ansyen komisè Richemond sou dosye asasinay animatè Tesse Gary a, li deja ap travay sou li nan faz ankèt pou jwenn koupab yo a.
  • Pou minis Carlos Hercule monte komisyon dankèt li di l ap monte ki pou ankete sou zak popilasyon an repwoche Richemond an, prese prese, ak, di: konbyen tan komisyon sa ap genyen pou l fè travay la.
  • Pou Komisè James Jean-Louis anvizaje san pèdi tan, pran tout zam ki nan men Richemond ak milis li yo.

Yon lòt bò, yo mande:

  • Pou pèp Sid la, sa ki poko al pote plent kont mal Richemond ansanm ak milis li yo fè yo, pou al pote plent kounye a menm.
  • Pou sila ki deja depoze plent, pou yo pa fè bak, pou kèlkelanswa rezon an.
  • Pou popilasyon Sid la ann jeneral rete mobilize jistan lajistis trennen nan prizon ak jije Ronald Richemond ak tout akolit li yo pou tò yo fè depatman Sid la.

Vilio Espérance OLAGK

Jamesnor Feuillé KPAS

Jean Claudy Aristil O P E