Nouvèl Tobout

Chedlet GUILLOUX mouri Samdi Maten 30 Mas 2024 la.

0 0

Chedlet GUILLOUX pèdi lavi l Samdi Maten 30 Mas 2024 la. Li mouri nan lopital OFATMA Okay la. Li t ap pran swen pou pwoblèm li te genyen nan lestomak. Chedlet gen plizyè lane depi li t ap soufwi ak pwoblèm lestomak sa. Li te toujou ap swiv medsen pou pwoblèm sa, li pa te jwenn solisyon jistan sa koz li rann dènye bout souf li .

Chedlet GUILLOUX menm ak anpil moun nan peyi Ayiti te leve vwa li pou di Ayiti dwe chanje nan lespri pou tout moun kapab viv lavi yo byen . Konsa, sou chimen pou rive la, nan pakou a, li te viktim move tretman nan men lapolis ki te maltrete li byen maltrete, tèlman gen kèk moun ki te panse li t ap mouri nan lè sa.

Chedlet GUILLOUX, jodi a fè vwèl pou peyi san chapo san rèv lavi miyò pou tout moun nan pa gen tan reyalize.

Gen anpil lòt ki te genyen menm rèv sa, sa rive, pou yon rezon oubyen pou yon lòt, yo abandone oubyen, yo gentan mouri.

N ap mande, selon sitiyasyon kounye a, èske nesesite pou vin fè rèv sa vin yon reyalite, pou nou menm ki kontinye viv pa enpòtan?

Happy
Happy
0 %
Sad
Sad
0 %
Excited
Excited
0 %
Sleepy
Sleepy
0 %
Angry
Angry
0 %
Surprise
Surprise
0 %