Nouvèl Tobout

Ijans pou sove lavi Labe Piterson ki gen laj 12 zan.

0 0

Mèkredi 6 Mas 2024 la tout bò 9 vè nan maten Obsèvatwa Pou Egalite (O P E) te rejwenn paran Labe Piterson ansanm ak Labe ki malad la nan Lopital Brenda Strafford Okay la, pou akonpayman, aprè anons kri osekou! pou sove lavi Piterson ki malad, ki nan difikilte pou jwenn swen sante ann ijans, yon pwòch paran ki te akonpaye Labe te fè Madi 5 mas 2024 la nan lè 2 zè aprèmidi, sou antèn radyo Lebon Fm nan emisyon gran Lakou pou mande èd bò kote popilasyon an ann jeneral. Kote, O P E nan menm lè sa t ap entèveni nan emisyon sa.

Nou te reponn nan randevou sa, se te pou rankontre ak pèsonèl Lopital la pou nou konnen nan ki kondisyon yo te remèt malad la san bay li swen li gen bezwen pou li kapab geri. Ak, pou nou te egzije yo pou yo bay pasyan an swen li gen bezwen an ak Ekite, Egalite, Diyite. Paske, pwòch Labe a t ap eseye eksplike nan entèvansyon li an, li ta kesyon Lopital la te voye paran Labe nan Lopital Pòtoprens pou al pran swen san konsilte pasyan an.

Konsa, enfòmasyon yo nou te jwenn bò kote pèsonèl Lopital la fè konnen: yo okouran de pasyan Labe a, yo te konsilte li nan sal 8 Lopital la, yo te voye pasyan nan ORL yon lòt sèvis pou yon lòt konsiltasyon, yo remake paran Labe pa te deside fè swivi nan sèvis sa, yo te senpleman achte medikaman apati preskripsyon yo te gen nan men yo ke yo te bay yo depi nan premye entèvansyon ki te fèt yo.

Toujou nan kad akonpayman, O P E konstate:

Labe Piterson bezwen asistans medikal ann ijans pou sove lavi li. Si li pa jwenn swen sante li gen bezwen an anvan sa gen 2 semenn se lamò k ap tann li.

Labe soufwi tèt fè mal, kou anfle, bò machwè dwat anfle, zye dwat li soti deyò prèt pou eklate. Li gen depase yon mwa depi li nan sitiyasyon sa.

Labe ki depi Madi vin Mèkredi 6 Mas 2024 la li te nan Lopital Brenda Strafford Okay la pou swen an, fanmiy nan di: aprè konsiltasyon, doktè a eksplike ta sanble se kansè k ap devlope lakay Labe ki ta lakoz pwoblèm sa.

Anplis, responsab yo deklare: Lopital la pa anmezi pou fè entèvansyon nesesè, li bay yo adrès youn nan lopital ki nan kapital la (Pòtoprens) ki kapab fè skanè pou pasyan an san pèdi tan ke yo gen bezwen fè. Paske ka li grav li pa ka retann ankò, si yo pèdi tan tout gòj Labe ap enfekte, lè sa pa gen anyen seye ki kapab fèt.

Fanmiy Labe, akoz yo pa gen mwayen pou yo reponn ak depans sa ak, jan sitiyasyon Ayiti ye la, yo oblije tounen nan komin Pòsali ak Labe kote y ap viv la, kote, yo te sòti ak malad la.

Direksyon Obsèvatwa Pou Egalite (O P E) nan kad swivi l ap fè ak paran pasyan an li mande pou Otorite konsène yo ede paran Labe Piterson nan kad bezwen yo l ap gen bezwen pou swen sante pitit yo a.

Ak tou, O P E ankouraje, tout enstitisyon osinon tout moun nan sosyete sivil la ki vle ede Labe sove lavi li pou yo kontribiye ak paran li, pou li ka jwenn swen sante enpòtan pou geri li.

O P E ap mande ki lè mas pèp la ap sispann ann difikilte, rive pèdi lavi yo menm pou aksè a swen sante yo pa genyen?

Se pa jodi a gen gouvènman k ap ranplase gouvènman, se pa jodi a tranzisyon sou tranzisyon, se pa jodi peyi a anba kontwòl gwo peyi yo men pwoblèm bezwen pèp Ayisyen an menm nan nivo ki pi ba pa janm rezoud. N ap mande se kisa ki koz sa menm?

Jean Claudy Aristil, direktè ekzekitif (O P E)

Happy
Happy
0 %
Sad
Sad
0 %
Excited
Excited
0 %
Sleepy
Sleepy
0 %
Angry
Angry
0 %
Surprise
Surprise
0 %