Nouvèl Tobout

Achibal Fils devan kabinè enstriksyon.

0 0

Achibal Fils gen pou pase devan jij enstriksyon nan jou sa yo. Selon sa avoka li Antony Gédéon kominike Radyo Ayiti Egalite ( RAE) aprèmidi Mèkredi 21 Fevriye 2024 la.

Komisè gouvènman Okay la Ronald Richemond arète Achibal Madi 20 Fevriye 2024 la. Li repwoche li poutèt li se chèf opozisyon Sid la ki dèyè ekip nèg ki se patizan Guy Philippe ki t ap tire ak lapolis nan jou avan arestasyon li a. Answit, pou enplikasyon li nan asosyasyon malfektè ak l ap konplote pou destabilize leta a. toujou, sa Antony Gédéon avoka Achibal la enfòme nou.

Me Antony Gédéon te devan pakè tribinal sivil Okay la menm mèkredi a pou te tante yon aksyon ann abeyas kòpous pou te eseye jwenn liberasyon kliyan li an, sa pa te mache.

Me Antony di: se pa fini, l ap kontinye ak demach yo jistan li jwenn liberasyon kliyan li an.

N ap mande nan ki pwen Akizasyon sa yo fonde ak depi ki lè Achibal se chèf opozisyon Sid la?

Depi aprѐ mouvman anviwon yon mwa kont soulèvman pouvwa Ariel la nan komin Okay, se konsa, Otorite nan Sid ap mache arète kèk endividi yo ta konnen ki ta pwononse yo kont pouvwa Ariel la. Pou jistisye arestasyon sa yo, Otorite yo akize endividi sa yo kòm moun ki nan konplo pou destabilize leta ak ki konplis nan asosyasyon malfektè.

RAE, deja resevwa plizyè òganizasyon dwa moun nan depatman an tankou Ofis Pwoteksyon Sitwayen ( OPC ) ak UFADECH plis Obsèvatwa Pou Egalite (O P E) ki denonse non respè ak vyolasyon dwa moun yo ki nan pwen zewo sitou nan dènye jou yo la nan Sid peyi a.

Yon lòt bò, ansanm òganizasyon sa yo egzije Dirijan yo pou mete annaplikasyon ak respekte, fè respekte prensip valè dwa moun yo, pou rezoud kriz Ayiti ye jounen jodi a.

Happy
Happy
0 %
Sad
Sad
0 %
Excited
Excited
0 %
Sleepy
Sleepy
0 %
Angry
Angry
0 %
Surprise
Surprise
0 %