Nouvèl Tobout

Plizyè Òganizayon deklare leve kanpe jeneral nan Sid Jedi 1 fevriye 2024 la.

0 0

Konbit Peyizan Sid (KPAS) Tèt Kole Ti Peyizan Asyien Sid (TK) OLAJEKA mande pèp nan Sid/Ayiti pou yo leve kanpe kont Enjistis, Vyolans, Mizè, Koripsyon, Enpinite ak pou dechouke pouvwa Ariel la, nan dat 5, 6, 7 Fevriye 2024 k ap rive la.

Yo pran pozisyon sa nan konferans pou laprès yo bay Jedi 1 Fevriye 2024, bò 11 zè nan maten nan biwo O P E a ki nan Ri, Dè Frè Ini, Chapantye Okay.

Yo fè remake, fòm batay yo a se wout revolisyon ki anvizaje rezoud pwoblèm Sosyo/Ekonomik/Politik/Kiltirèl ak ensekirite travayè, ouvriye, peyizan, ediyan, chomè, moun nan katye popilè a ap soufwi depi, plis pase 200 lane nan peyi a.

Batay pa yo se pa pou voye moun al ranplase lòt nan pouvwa a, pou zafè pèsonèl yo kote yo pral kontinye kenbe menm sistèm peze souse a k ap sentre bas malere ak malerèz yo pi rèd.

Se pou tèt sa y ap batay pou dechouke pouvwa Ariel la ak tout sistèm nan.

RAE ap mande, jiskilè politisyen tradisyonèl, reyaksyonè ak enpeyalis Meriken, Fransè, Kanadyen ap sispann pran lit Mas popilè a daso?

Se pa jodi a pèp la ap pran wout batay sa anyen pa janm chanje pou li.

Finalman èske mas la gen plan pou li chanje fòm batay sa, si li vle batay li abouti nan jan li vle li a?

Happy
Happy
0 %
Sad
Sad
0 %
Excited
Excited
0 %
Sleepy
Sleepy
0 %
Angry
Angry
0 %
Surprise
Surprise
0 %