Nouvèl Tobout

Tibiwon, 19 moun mouri Dimanch rive Lendi 11 Desanm 2023. Eske se Bandi?

Radyo Ayiti Egalite (RAE) rankontre ak pèp Lakawàn you lokalite nan komin Tibiwon, ak, komisè gouvènman Okoto a Me Wadson Azor, Lendi 11 Desann nan, se sou anviwon 19 moun ki tiye ak bal Dimanch ak Lendi 10, 11 Desanm 2023.

Popilasyon Lakawàn fè konnen anviwon 19 moun yo menm ansanm ak Lapolis, an prezans komisè gouvènman Okoto a tiye, Dimanch vin Lendi 10, 11 Desanm nan tout se bandi.

Komisè Wadson Azor, sou bò pa li fè konnen se you dizèn bandi ki mouri ak bal nan echanj tir ak Lapolis. Answit, yo arète 3 fanm ak yo libere 3 otaj fanm.

Komisè a eksplike, bandi yo te anposesyon 3 zam manch long, zam depwent, zam blanch. Yo dekouvri bandi yo nan you kay nan mòn ki a plizyè kilomèt vil Tibiwon. Konsa, zam yo nan men jij depè pou kounye a, l ap tann pwosè vèbal osinon rapò pou tout swivi.

Me azor di, yo demantle kò gang Tibiwon a pou kounye a. Li fè konnen tout moun lib pou sikile, ouvri biznis yo depi aprѐ entèvansyon an.

Pèp Lakawàn li menm toujou panse fòk yo kontinye kenbe rezistans nan, paske gen chèf gang nan ki toujou la, ki gen 5 lòt manm menm kò gang nan ki kontinye ap opere.

An reyalite: èske kò gang sa ki pote non gang ti rach la rive demantle tout bon vre aprè evenman Dimanch nan? Paske nan zòn kò gang nan fè baz li a, nan aswè menm Dimanch sa li tiye 2 moun ak boule plizyè kay.

Epi, nan Lendi bò midi pèp Lakawàn egzekite you jèn eleman yo di, ki rele Wilgaire Pierre se nan mòn Bewo yo jwenn li. Li menm se wol antèn li jwe, sa ta vle di li gen telefòn nan men l, pou l rele, pou li bay gang yo enfòmasyon.

Sa ki fè reflechi sou anviwon 18 moun ki tiye kòm bandi yo:

– pèp lakawàn di depi ou nan pale ak bandi se bandi ou ye, y ap egzekite ou menm jan.

– komisè a li menm eseye aji parapò kay popilasyon an lonje dwèt sou li kòm kay bandi a, depi ou la, ou tou la.

Sou baz sa, li toujou rete pandye pou nou klè anviwon 18 moun ki tiye yo, si yo tout se bandi vre oubyen ki kantite ki bandi ak ki kantite ki pa bandi ki mouri nan evenman an.

Anfen, tout nan Lendi aprèmidi, komin Tibiwon rete Izole kòm si komin nan nan lagè. Nou konstate, an jeneral pa gen moun k ap sikile, kèk moun se devan lakay yo, yo ye, tou sispèk. Nou te remake apèn you machin transpò, you ambilans MSPP, ak anviwon 3 motosiklèt sou wout la. Answit, sèvis yo, biznis yo pa fonksyone.