Nouvèl Tobout

O P E mete an kesyon dwa granmoun Ayiti.

0 0

Dwayen fakilte syans jiridik Inivèsite Piblik Sid Okay (UPSAC) Me Antony Gédéon di: pa gen wout pa bwa, pa gen wout pa tè Ayiti dwe Otonòm oubyen souvren osinon endepan. Li fè remake, dwa Otodetèminasyon pèp yo deja enskri andan chat nasyozini ak konstitisyon 1987 la.

Me Antony rekonèt dwa sa pa respekte tout bon vre, lè Ayiti kontinye ap pran dikte nan men enpeyalis yo sitou meriken, Kanadyen, Fransè jan sa kontinye ap fèt onivo Nasyon Zini kote, Loni pran rezolisyon Oktòb ki sot pase la pou voye fòs milti Nasyonal vin Ayiti, se Kenya k ap nan tèt fòs sa. Li kwè, antouka sa pa dwe ekskiz pou nou dakò nou pa dwe Otonòm.

Dwayen an fè deklarasyon sa nan moman li t ap entèveni kòm konferansye nan konferans deba sou dwa Otodetèminasyon pèp Ayisyen, èske li toujou enpòtan? Pou ki rezon? Osèvatwa Pou Egalite (O P E) Òganize Dimanch 26 Novanm 2023 bò 10 zè nan maten nan biwo li a.

Patisipan yo reyalize dwa Otodetèminasyon pèp yo, yo ankonesans jodi a, se okazyon pou reprezan diferan sektè ki la mete yo ansanm pou planifye dyalòg rejyon Sid la.

Yo wè nan dyalòg sa, se posibilite pou pran desten Sid la nan men. Yo panse avèk sa, y ap rive libere anba dominasyon Pòtoprens, ak tou, inisyativ sa ap fasilite yo asire devlòpman Sid la nan pwòp reyalite li, ak, brize tout bayè osinon tout obstak nèg Pòtoprens ap kontinye mete pou kenbe monopòl tout sa k ap fèt nan Sid pi devan nan rès peyi a.

Deba sijè sa, sou dwa Otodetèminasyon pèp Ayisyen an te mennen nou sou angajman leta Ayisyen an oubyen kisa leta Ayisyen responsab nan tout sa.

Entèvenan te eseye montre Ayiti pa gen leta parapò a sèvis pèp la pa jwenn.

Patisipan yo, you pòsyon dakò efektivman pa gen leta akoz pèp la ap soufwi.

You lòt pòsyon nan patisipan yo reyalize gen leta menm lè pifò moun ap soufwi akoz bezwen yo ki pasatisfè. Konsa, yo konstate klas dominan osinon boujwa yo oubyen oligak yo ki se mèt leta a, bezwen yo satisfè osinon yo jwenn sèvis yo menm.

Yo kontinye wè, leta peyi etranje yo ak kowopere ak Ayiti nan non leta Ayisyen. Konsa yo kontinye wè enstitisyon leta ki andan peyi a ap kontwòle Mas pèp la nan tout aksyon li, pou li pa janbe limit yo bay li andan sistèm, ak pou li swiv tout sa yo mete devan li. Yo konstate lè mas pèp la pa soumi nan sa yo mete devan li a, leta reprimande mas pèp la.

O P E bò kote pa li, nan kad eklèsisman sou kesyon leta, li te eseye montre leta an jeneral toujou kanpe bò kote you gwoup denterè, you gwoup Idewolojlk tankou li kapab leta Boujwa oubyen leta pwoletè. Konsa tou, leta fewodal, kapitalis, sosyalis, kominis.

Answit, O P E fè remake se menm leta Ayisyen 1804 la ki la jis kounye a. Li di sa nou wè nou genyen kòm sitiyasyon envivab nan peyi a, se prèv ke leta Ayisyen pa te jan ap aji pou pi fò moun nan peyi a. Nou kapab di kontrakdiksyon yo vin pi pwenti osinon kòse nan dènye jou sa yo, kote, leta nan difikilte pou li renouvle tèt li jan li abitye fèl deja lè li tonbe nan kriz.

Nou dwe konprann kesyon gansterize peyi a, sitou nan 3 dènye ane sa yo la, se estrateji leta menm, pou eseye renouvle tèt li. L ap chache retire kriz la sou vrè kontradiksyon yo, mennen li sou tèren gang ki ap destabilize Ayiti. Nou tout konnen kote gang nan sòti daprè tout seri denonsyasyon ki fèt nan nivo you seri enstitisyon nasyonal ak entènasyonal la. Ki donk, se kò gwoup, se boujwa yo, se otorite ak ansyen Otorite nan leta a.

N ap wè, finalman solisyon k ap pote yo se rezoud pwoblèm bandi osinon gang yo di k ap kraze Ayiti, epi, sa rete la.

N ap asiste pwoblèm eksplwatasyon, enjistis, mizè, travay, lojman, enèji, lavi chè ki sou do pi fò moun yo rete la, san janm amelyore osinon rezoud.

N ap konstate tou, pwoblèm dwa Otodetèminasyon osinon granmoun pèp Ayisyen an ki poze depi bann pakèt lane toujou pa respekte.

Antouka tematik dwa Otodetèminasyon pèp Ayisyen, èske li toujou enpòtan? Pou ki rezon? O P E te chwazi pou fè deba andan konferans nan, dwe fè nou sonje desten pèp Ayisyen an se nan menm li pou l ye. Ak tou, Ayiti gen leta kelkelanswa jan sa ye a, men leta sa ap aji pou grannèg, leta sa kont enterè malere/ malerèz yo.

Nou dwe konnen sa vle di: se Ayisyen konsekan, otantik, onèt ki pou deside sou dwa ekonomik, sosyal, kiltirèl, anviwomantal, sekirite, politik, sivil peyi a. Nou dwe deside sou kalite sosyete ki pou defann enterè tout Ayisyen san paspouki

Nou pa dwe kite se: Loni, Kenya, Karikòm, OEA ki ap vin deside pou nou, pou kèlkelanswa rezon an.

Happy
Happy
0 %
Sad
Sad
0 %
Excited
Excited
0 %
Sleepy
Sleepy
0 %
Angry
Angry
0 %
Surprise
Surprise
0 %