Òganizasyon dwa moun Obsѐvatwa Pou Egalite (OPE) ki gen syèj sosyal li nan Sid/Ayiti, daprè sa li kominike piblik la nan week-end 12 Jiyè 2025 lan, sou entèvansyon responsab yo ap fè nan kriz aktyèl depatman Sid la. O P E fè soti, feblѐs ak demagoji ki gen nan demach osinon desizyon enstitisyon nan peyi ap pran, swadizan pou amelyore sitiyasyon tèt chaje, ki gen nan Sid la. Kote, moun ap asasinen prèske chak jou anba bal enkoni ki byen koni ak Otorite k ap aji dèyè do la lwa. Moun k ap mouri akoz lafen, swen sante. Moun yo ki pèdi prèske tout sa yo te genyen kòm dwa. Depatman kou lavi pi chè pase tout lòt kote.
Nan sans sa O P E pran pou sib li, Ministè Lajistis ak Sekirite Piblik ( MJSP) nan kad plizyè transfè anplwayè pakè tribinal sivil yo. Tankou, Sibtiti Gouvènman ak komisè Gouvènman nan gran Sid Ayiti ki te kòmanse depi avan 9 Jiyè 2025 lan.
Selon O P E, MJSP voye: ansyen komisè gouvènman pa enterim Okay la, Pierre Paul Elhiot nan jiridiksyon Okap Ayisyen toujou kòm Sibtiti Komisè Gouvènman nan plas li te ye avan li te vin komisè pwoviswa. Ansyen Komisè Gouvènman Mibalè Wilner Dormevil ki vini nan tèt pakè a, nan plas Eliot la. Transfè 2 Sibtiti Komisè Gouvènman Okay , Rilfort Berlus nan jiridiksyon Miragwan. Ak, Ebélio Maxène nan jiridiksyon koto. Answit, avoka Kensly Benjamin ki kite Aken pou Koto, ak, Me Max Mettelus ki soti Koto antre Okay. MJSP pa mansyone nan ki pòs avoka sa yo ap okipe.
Genyen nouvo komisè Okay la ki prete sèman Mèkredi 9 Jiyè a. Depi lè a li andifikilte pou li antre nan biwo li nan pakè a, akoz komisè Eliot pako remèt li kle biwo a, ak, kèk mateyèl enstitisyon an ki nan men Eliot toujou.
Ta sanble, Sibtiti komisè Rilfort Berlus ta antre nan pòs li Miragwan. Pou rès transfè yo, sanble anplwaye yo pako rive nan nouvo lye travay yo. MJSP, pa mansyone nan lèt transfè anplaye li yo objektif ki fè sa.
Konsa, entèpretasyon ki fèt nan mitan popilasyon an sou ansanm transfè sa yo nan yon sans pataje osinon diferan. Gen kèk ki panse se koze politik k ap regle, parapò a arestasyon ak liberasyon Notè Jean Vernet Mercier a kòm konplis nan asasinay Pierre Gerson Borgat. Paske, gen yon seri zotobre ki se konplis Mercier ki pa dakò arestasyon sa.
Ak, kѐk lòt moun ki panse se pou koz koripsyon, konsènan pakè a k ap vann jistis nan bout gode, konsa, gen non kèk chèf ki site ki fè dil ak notè a pou li te libere. Yon lòt kategori moun nan popilasyon an panse se pou ni kesyon dosye notè Mercier ak koripsyon k ap ravaje pakè a depi byen lontan.
Yon dènye pòsyon panse tou, sa Minis jistis la ap fè la, se pou fè plèzi ak rezo gang ki konpoze avèk ansyen eli, grannèg, Otorite lajistis, lapolis ki nan trafik Ògàn, dwòg, ak vòlè tè nan Sid la. Ak, pou pwoteje bandi menm rezo gang sa ki deja gen manda arestasyon dèyè yo.
Obsѐvatwa Pou Egalite, pa janm kapab konprann pou ki rezon ki fè Otorite yo nan pi wo somè leta pa deside anjeneral mete rezon an, nan lèt transfè osinon revokasyon anplwayè piblik yo. Sa nou wè pi souvan, menm anplwayè sa yo pi devan yo vin okipe menm pòs yo, osinon pi gwo pòs oubyen retounen nan menm lye travay yo te ye avan. Akoz, sa lese yon twou vid, nan jan dirijan yo monte fòm revokasyon an, osinan transfè a. Ou pa ka pouswiv anplwaye sa yo okenn kote konpetan pou ta anpeche li refè sifas. Nou gen egzanp nan tan pase ak devan nou la: ansyen direktè lopital jeneral Okay, ansyen direktè meri Okay Pierre Dominique Espérance. Pou nou site sa senpleman.
Jan desizyon sa yo abitye pran, jan li kontinye ap fèt montre a klè pa gen okenn koreksyon k ap pote nan sistѐm nan kont malvèsasyon moun ap fè, pou n rive nan sosyete jis, san fòs kote.
Se toujou menm lojik la, aprè yo se yo. Se sa k fè nou ka wè, pwoblѐm ensekirite, vyolans, koripsyon enpinite, lamizè kontinye ap taye banda chak jou pi plis olye yo amelyore.
Nan sans sa, O P E fè apèl a konsyans, responsabilite chak moun genyen andan sosyete a, selon, angajman yo pou avansman, ak pou depatman Sid la soti nan kawo li ye la.
Jean Claudy Aristil
Direktè O P E