Ti machann mache Idwolik alyas dyaspora Chapantye, Okay ki sou wout nasyonal # 2 nan kouri nan jou sa yo, akoz meri a fenk anonse yo la, l ap kraze mache sa, ki, pa gen plas li sou wout la, daprè sa otorite meri yo fè konprann.
Machann yo di: Se la depi anviwon 10 lane y ap chache lavi yo. Yo pa konnen ki sa yo pra l fè aprè meri a ta vin kraze mache a Lendi 14 Septanm 2025 nan, se dat limit meri a bay pou li fè sa. Anpil nan machann sa yo soti nan divès lokalite nan komin nan ak menm yo soti tou nan lòt komin vini la.
Enfòmasyon yo ta pouse nan dimansyon ta sanble dirijan yo ap voye ti machann yo nan mache Jedi ki anfas estasyon piblik Pòtoprens nan. Ki donk, meri a, deside fè sa se pou fasilite sikilasyon nan zòn nan fèt nan plis skirite posib.
Ti machann yo pa dijere mezi sa tou menm lè se ta deplase yo pou voye nan mache Jedi. Yo eksplike mache Jedi a, se kote gang yo al ransone machann yo lepi souvan, enstale yo nan yon zòn konsa, y ap nan plis ensekirite.
Ti machann yo panse pi bon pou yo, fòk meri a retounen sou desizyon sa annatandan, jistan li vini ak yon pwopozisyon k ap bon pou yo, kote, y ap santi yo nan tout sekirite.
Se pa premye fwa genyen mòd griyèf sa yo bò kote machann yo kont dirijan yo, achak moman responsab yo pran desizyon sa yo.
