Kri sitwayen 2èm sekyon tè wouj zinga komin Chantal, Sid, Ayiti nan jou ki sot pase la yo, kont Otorite yo ki kontinye fèmen je yo sou sèvis sosyo de baz yo popilasyon an pa gen aksè a yo menm, depi dyab pa te ko konnen si li te ka vin kaporal, tankou: swen sante, wout, enèji, dlo potab.
Akoz mank sa yo, yo nan sitiyasyon vrèman mizerab.
Pou yo remonte pant nan, y ap tann san pèdi tan pou responsab yo entèveni rapid rapid pou rezoud pwoblѐm yo.