Pèp Sid la di: li bouke sou fri, akoz dwa yo ki pa respekte. Se nan demach sa Obsѐvatwa Pou Egalite (OPE) ak Kobit Aksyon Popilè Sid (KPAS), Òganizasyon Lave Je Koray Anri (OLAJEK), Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen Sid (TK) òganize yon Sitin nan won pwen kat chemen Okay Jedi 11 Septanm 2025 nan, pou poze pwoblèm sa ak mande Otorite yo sispann maltrete popilasyon an ak fè sa lalwa mande yo pou fè, pou yon bon tretman endividi yo. Konsa, gen plizyè lòt òganizasyon, tankou: Traka Fanm, Sud BALE, plis kèk lòt sitwayen nan depatman an, ki, te pote kole.
Sitin nan dewoule san prezans lapolis, akoz lapolis te boude aktivite a depi nan lavèy, atèlpwen, menm lèt notifikasyon direktè a, Alan Jolicoeur pa te asepte nan men òganizatè yo, kote, li deklare: se pa evenman sa yo ki preokipe yo nan moman an.
