Nouvèl Tobout

Jistis pou tess gary

Jistis pou Thesse Garry[Videyo]

Plizyè Sitwayen nan Okay pami yo Mm Thesse Garry òganize yon Sitin bò 11 dimaten Madi 23 Septanm 2025 devan Tribinal Sivil Okay, pou kontinye mande Jistis pou Thesse Garry, ansyen animatè patannte emisyon Gran Lakou sou Lebon Fm.

Animatè Thesse te jwenn lanmò li nan yon sikonstans trajik. Selon jan sa te pase, nan yon premye tan, 18 Oktòb 2022 li pòte dispari, nan yon 2 zyèm tan, 25 Oktòb menm ane a, yo pral jwenn kadav li rache, boule, nan yon ma dlo nan lokalite Foko komin Okay.

Depi lè sa, lajistis pako rann jistis a paran, kamarad, konfrè viktim nan. Se yon dosye ki kontinye trennen devan kabinè denstriksyon. Gen kèk jij denstriksyon ki deja depòte yo de dosye sa, pou menas y ap resevwa bò kote sispèk yo.

Kounye a, dosye sa nan men jij denstriksyon Jean Michelet Seïde.

Youn nan sispèk nimewo 1 nan asasinay sa, se: Me Ronald RICHEMOND, ansyen komisè gouvènman Okay la, ki toujou ap okipe li de tout aktivite li san konsekans depi lè a.

Parapò a sa, anpil kesyonman soulve nan mitan popilasyon an, sou travay lajitis nan dosye sa, nan kad y ap mande èske Otorite jistis yo p ap aji avèk depwa demezi, lè yo wè yo pa arete tout non moun ki site nan krim sa, pi presizeman ansyen komisè Gouvènman an, Ronald RICHEMOND.