Plizyè Isye nan komin Okay revandike respè Otorite yo dwe genyen pou yo nan kad travay yo. Se 19 Septanm 2025 nan yo fè deklarasyon sa nan mikwo repòtè Radyo Ayiti Egalite (RAE) Jocelyne Thessa.
Isye sa yo fè remake, yo genyen anviwon 8 lane depi y ap mande Otorite yo, mete motosiklèt adispozisyon yo pou fasilite travay yo, yo pa janm jwenn.
Answit, pou dirijan yo asire sekirite yo oprè popilasyon an. Nan defini lwa, ak aplike lalwa ki pou fè yo jwenn respè ak pwoteje yo kont tout fòm vyolans, abi, diskriminasyon, enjistis nan y ap viktim nan sosyete a.
Selon yo menm, se chak jou pi plis yo jwenn obstak bò kote antrepriz yo, nan bank komèsyal yo kòmyon egzanp, ak, bò kote yon seri endividi mal entansyone nan kad travay yo.
Se pa premye fwa Isye nan komin Okay ap denonse move tretman yo, bò kote dirijan yo. Konsa, pa gen twò lontan depi, te gen isye Claude Cadet alyas tichif ki te ale nan menm sans nan, nan entèvansyon li te fè sou RAE pou te poze pwoblèm isye yo.
Sa p ap etone pèsonn, Otorite yo kontinye fè kòmsi yo pa tande.
N ap mande pou ki sa k fè Otorite yo kontinye fè silans sou revandikasyon mas travayè yo?
Ki lè y ap sispann fè silans?